Douvanjou, lawouze fenk poze. Limyè ap goumen pou l anvayi tout kwen, balewouze tout ti grenn pousyè ki te vle pran espas la. Pasi pala, kèk mèb degrenngòch gaye nan lakou a. Pami yo, de kò, de nanm byen kole : yon gason avèk yon fanm. Men yo youn paka pale.
Po kont po, youn sou lòt yo makonnen. Nan yon jès lanmou ki vle di: “Kenbe m ! Pa kite m ale lwen.” Kouche sou fi a, san mayo, 2 je fèmen, nèg la sere li nan bra l. Jenn fi a limenm foure tèt li anba kou l, kòmsi li konnen l ap pwoteje l, menm si fen monn lan ta rive. Menm si souf yo pap melanje, ou santi se menm oksijèn lanmou an yo t ap respire. Nan moman an, yo pap bouje, men se kòmsi youn ap miyonnen lòt, nan fason yo konekte, yo soude nan yon karès manchlong, yon karès pou letènite…
Ayè, yon bon moman avan solèy kouche, tout moun te obsève Mak k ap rantre soti a letranje. Kèk minit aprè, li menm, san mayo, avèk Miya te sou galri yo, yo t ap diskite. Si n te pwoche pre nou te ka tande Miya k ap di : « Aprè de zan, m te fin reziyen m, m panse w pa t ap tounen ankò epi menm si sa te fè m mal m te fin aksepte l.
– Bon kisa w ap di konsa Miya ? Mwen renmen w, ou byen konn sa. Ki kote pou m ta ale ki ta lwen w pou m pa ta tounen, pandan kòd lonbrit kè m antere nan kè pa w, pandan de pye m, de men m, souf mwen, nanm mwen egziste sèlman pou sèvi w ? Tout sa m ap fè a se pou nou, pou n pa manke anyen, distans sa gen pou l pa egziste ankò. M pap janm ale pou m pa tounen. Epi, si sa ta gen pou l fèt se lè m ap ale avè w la, paske anyen pap kenbe m ankò sou ti moso tè sa a. Miya gade m ! M ap toujou la. Si m ale, m ap tounen pou ou, m ap toujou avèk ou.
– O Mak ! Ou te tèlman manke m ! Mwen renmen w ! »
Tan an te pase, tè a te tranble, solèy la te kouche, epi nan maten l te leve.
Rèv twò reyèl oubyen reyalite twò kriyèl ? Maten an, tout moun ap gade. Kòmsi l te vle defye lanmou yo, yon gwo panno vide, ale chita sou senti Mak. Petèt y ap kapab deplase l… Men tankou pou touye lespwa sa a nèt, anba tèt yo ki kontre, yon rigòl san nwa gaye. Nan souvni sila ki te konnen yo di : sèl lanmou yo k ap rete ; paske AYÈ bridsoukou, anba dekonm goudougoudou, lanati kraze yon fwaye, kòmsi l te jalou, bòbèch lavi yo yon ti bijou, ki te dous pou yo tankou rapadou. Miray kraze, lanmou sove, li ale lwen…
Naïka Joseph
Posté à 1 nov. 2021